Nursery Rhymes in Haitian-Creole 

FIVE LITTLE MONKEYS

BOOK: GUESS HOW MUCH I LOVE YOU?

DEVINE KOUMAN MWEN RENMEN OU
Ti Lapen Mawon tap pral dómi. Li kenbe gwo zoréy Gwo Lapen Mawon. Li te vle fé séten Gwo Lapen Mawon tap koute l’. Devine kouman mwen renmen w’, li di.
O, m pa kwé m ka devine sa. Gwo Lapen Mawon di.
Men kouman m renmen w…konsa. Di Ti Lapen Mawon. Li lonje bra l men longé.

Bra Gwo Lapen Mawon te pi long. Men kouman m renmen w. Li di.

M! Ti Lapen panse: Sa anpil.
Men gade ki woté m renmen w. Di Ti Lapen Mawon.

Gade ki woté mwen renmen w, di Gwo Lapen Mawon.
Woy! Sa wo anpil, Ti Lapen Mawon te panse. Mwen ta renmen pou bra m long konsa.
Epi Ti Lapen Mawon te gen yon bon lide. Li balanse tét anba, lonje pye l pou touché pye bwa a. Li di, Mwen renmen w jis kote pye m ka touche pye bwa sa.
E m renmen w jis kote pye m ka touche pye bwa a tou, Gwo Lapen Mawon di pandan l tap balanse tét anba.
E mwen renmen w woté sa ou wé map sote, ri Ti Lapen Mawon pandan l tap sote.
Men m renmen w woté sa ou wé map sote, di Gwo Lapen Mawon ak yon souri sou figi l. Li si telman sote wo ke zoréy li touche anwo pye bwa a kote branch yo ye.
Ti Lapen Mawon te panse, Li byen sote. M ta renmen sote konsa.
M renmen w jis pase chemen ki mennen desann bokote rivyé a, Ti Lapen Mawon di.
Mwen renmen w jis lót bó rivyé a pase tout monn yo, di Gwo Lapen Mawon.
Sa lwen anpil, Ti Lapen Mawon panse. Si telman dómi te nan zyé l li pat gen fós pou panse sou sa ankó. Li te gade pase raje yo jis nan fé nwa a nan nwit la. Pa gen anyen ki ka pi lwen pase syél la.

Ou wé kijan lalin nan lwen, men longé mwen renmen w, li di. E l fémen zyél.
O, sa lwen, Gwo Lapen Mawon di. Sa lwen anpil anpil.
Gwo Lapen Mawon ede Ti Lapen Mawon al dómi sou kabann ki fét ak féy. Li bese tét li pou bo l pou swete l yon bon nwi. Epi li kouche bokote l e pale byen dousman ak yon souri sou figi l. Mwen renmen w jis kote w wé lalin nan ye epi pou tounen la, sou laté.

You are My Sunshine

Ou se solèy mwen. Ou se solèy mwen.
Ou fè kè m kontan lè syèl yo gri.

Ou pap janm ka konprann kòman m renmen ou.

Tanpri pa mennen ti solèy mwen ale!

Leave a Reply